Rebati espwa
Haiticherie egziste pou pote espwa kote moun santi yo bliye. Nou vle fè chak fanmi, chak timoun, chak elèv, ak chak kominote santi gen moun ki kwè nan yo toujou.

Misyon Nou
Haiticherie pa sèlman yon paj pou fè don. Haiticherie se yon gwo mouvman pou pote èd jodi a, pandan n ap bati yon sistèm long-term ki ka sipòte edikasyon, fanmi, timoun, kominote, ak devlopman Ayiti pou plizyè jenerasyon.
Kisa Haiticherie vle di?
Haiticherie vle di nou pa sèlman ap gade Ayiti soufri, nou vle aji. Nou vle kreye yon platfòm kote moun ka bay, patisipe, konprann mission lan, epi wè kijan kontribisyon yo ka chanje lavi moun. Objektif la se bati yon bagay ki serye, pwòp, transparent, e ki gen gwo impact.
Gen anpil timoun ki bezwen lekòl. Gen anpil fanmi ki bezwen manje ak rad. Gen anpil jèn ki gen talan men yo pa gen mwayen. Gen anpil moun ki bezwen yon kominote ki kwè nan yo. Haiticherie vle sèvi kòm yon pon ant moun ki vle ede ak moun ki bezwen sipò.
Nou pa vle sèlman ede pou yon jou. Nou vle bati yon sistèm ki kapab kontinye ede. Se poutèt sa vision Haiticherie a gen de pati: ede moun kounye a, epi bati yon long-term community fund ki ka sèvi Ayiti pandan lontan.
Pilye Misyon An
Haiticherie egziste pou pote espwa kote moun santi yo bliye. Nou vle fè chak fanmi, chak timoun, chak elèv, ak chak kominote santi gen moun ki kwè nan yo toujou.
Edikasyon se youn nan pi gwo kle pou chanje avni Ayiti. Nou vle ede bon elèv ki gen disiplin, bon nòt, ak gwo rèv pou yo pa abandone lekòl akoz mank lajan.
Gen fanmi ki bezwen manje, rad, swen debaz, materyèl lekòl, ak ti sipò pou yo ka kenbe tèt yo anlè. Haiticherie vle sèvi kòm yon men lonje pou fanmi sa yo.
Timoun ki nan lari yo pa dwe vin envizib. Yo bezwen manje, rad, sekirite, swen, edikasyon, lanmou, ak yon chemen ki ka mennen yo nan yon lavi ki pi estab.
Vizyon nou gen ladan l kreye yon Haiti Community Center kote moun ka jwenn manje, rad, resous, oryantasyon, sipò edikasyon, ak asistans lè lavi a difisil.
Moun ki bay dwe konnen kijan lajan an itilize. Haiticherie dwe mache ak rapò, updates, prèv impact, mesaj legal klè, ak yon sistèm ki bati konfyans.
Nou pa sèlman ap bati yon website. Nou ap bati yon sistèm ki ka vin sèvi Ayiti sou plizyè jenerasyon.
Lè Haiticherie rive nan gwo kapital tankou $5M+, objektif la se pa depanse tout lajan an. Objektif la se bati yon fon kominotè dirab ki ka sèvi Ayiti pandan lontan.
Vizyon long-term lan se itilize estrikti legal, compliance, transparans, ak konsèy pwofesyonèl pou envesti nan stocks, ETFs, apartments, rental real estate, ak lòt assets responsab.
Revni ki soti nan envestisman yo ka ede finanse bous etid, manje, rad, swen, timoun nan lari, sant kominotè, ak pwojè ki bay impact reyèl pou pèp Ayisyen an.
Haiticherie dwe grandi etap pa etap. Nou dwe kòmanse ak sa ki posib, montre impact, bati konfyans, epi prepare pi gwo estrikti pou long-term vision lan.
Kòmanse ak donation ki aksesib pou tout moun: $5, $10, $25, $50, $100+.
Kreye pwojè klè pou manje, rad, edikasyon, timoun, fanmi, ak kominote.
Dokimante impact la ak foto, updates, rapò, ak transparans.
Bati konfyans ak diaspora Ayisyen, zanmi Ayiti, ak moun ki vle wè peyi a leve.
Devlope pwogram bous etid pou elèv ki gen bon nòt ak disiplin.
Prepare fondasyon legal ak estrikti finansye pou long-term community fund lan.
Paske Ayiti bezwen plis pase pawòl. Ayiti bezwen moun ki mete lanmou, discipline, system, ak action ansanm. Haiticherie vle vin yon espas kote diaspora, zanmi Ayiti, ak moun ki kwè nan avni peyi a ka mete men ansanm pou sipòte lavi reyèl.
Contributions support Haiticherie community projects. Donations are not tax-deductible unless stated otherwise. Future investment plans are part of Haiticherie’s long-term vision and will depend on legal structure, compliance, transparency, and available funding.
Chak don ka vin yon manje sou tab yon fanmi, yon kaye nan men yon timoun, yon bous etid pou yon elèv, yon espwa pou yon manman, ak yon ti limyè pou yon kominote.